Amedee Erns Baptiste logo
A.E.B Life
panse

Ou wè l wi

Ou wè l wi
0 views
6 min read
#panse
Table Of Content

Ala yon 2024 sa papa

Kay pa kay... Katye pa katye

Mwen rete kwè pa gen pèsòn ki te panse 2024 tap charye tout kalite pwoblèm sa yo nou te wè a. Pou kèk granmoun, sete premye fwa yo t ap viv sitiyasyon sa nan peyi an. Granmoun kou timoun sibi tout kalite zak, sila ki pa viktim dirèk te menm sibi estrès ak lòt twomatis mantal... Pèsonèlman, sete yon lane mwen te pare pou m deplwaye zèl mwen e montre kisa mwen ka bay kòm sèvis.

Byen bonè nan ane a, gen yon zanmi m kap evolye nan domèn dijital la tou ki rele Westa men anpil moun konnen l sou non WestaBrand ki te envitem pou m ka youn nan panelis nan Konferans Mak. Se te pou mwen yon bèl okazyon pou m te pami kèk moun mwen te konn ap wè sou rezo a.

Afich ki te anonse Konferans Mak

Image

Mwen se yon moun ki toujou ap swiv koze sou Entèlijans Atifisyèl e youn nan premye emisyon mwen te patisipe mwen te fon bon rale sou enpak sa ka genyen sou pwodiktivite yon moun. Sa te vinn lakoz mwen te toujou ap chache non sèlman konprann men itilize plizyè nan zouti sa yo, ebyen se ta pral youn nan rezon kifè Westa te mande pou m te entèvni sou tèm sa :

Image

Si mwen ta di nou mpat strese, se ta manti. Mwen te menm ap mande eske m kapab tout bon delivre yon bon prezantasyon... men kòm mwen toujou vle respekte pawòl mwen, mwen te di ann frape. Se konsa, mwen prepare prezantasyonm epi kou jou a rive mwen depoze... Plis pase 80 moun kanpe flat nan yon LIVE Eske moun yo te satisfè? wi daprè fidbak mwen te resevwa. Aprè bagay sa, mwen di tèt mwen nou pral travay pou nou kenbe Hype la. Mwen fè planm, panse strateji m... epi peyi a di Ekrèk.... Se rete nou rete epi nou pran yon ti lock 2.0... Tout pwojè, tout atant te bwè lwil. Pou m onèt ak nou, mwen te dekouraje nan yon pwen menm sam te pi renmen yo mpat ka fè... tout motivasyonm te ale, pandanm te kontinye ap motive lòt moun. Wi... si w dim sa parèt tankou yon mouvman ipokrit mpap diw non, li te pi fasil pou m jwenn mo pou m di moun ke pwòp tèt mwen. Mwen te devlope yon pati nan mwen ki otomatik jis poum te ka reponn ak kèk responsabilite pwofesyonèl men pèsonèlman... mwen te atè. Jou yo ap kouri, ti espwa nou te genyen yo ap disparèt... zen an pat joli ditou. Men vinn rive yon moman kote mwen te oblije bay dada 2 bon tap, rezon? Senp... Mwen pa poukont mwen.

Kounya sete kisa mwen te ka fè? Avèk tout pwoblèm peyi a te genyen, jwenn oswa kreye yon bagay pat evidan pase sa. Si yon moun ase pwòch mwen, w ap konnen mwen renmen challenge.. kidonk mwen te deside fè yon bagay mpat gen abitid fè deja ki se vann. Nan reflechi konsa, yon zanmi vinn ekrim pou mande m yon bagay epi mesaj la kòmanse konsa Yo, ou konn poukisa mwen Tcheke w la?. Lè m finn li mesaj la, se tankou se yon deklik ki fèt... se sinyal sa mtap tann. Mwen te gen yon pwojè ki gen non an deja epi Jovens Louis ,ki se zanmim e premye grafis mwen travay ak li, te gentan fè logo a deja sa vle di mte gentan gen yon baz.

Men kounya vwala mwen ki pa gen angouman pou m kode... e fòk mwen jwenn yon solisyon. Problem solving se youn nan kapasite yon devlopè dwe genyen paske se pa sèlman devlope pou devlope men fòk ou rezoud yon pwoblèm piti koul ye... lol ebyen pwoblèm pam nan sete kreye yon boutik anliy sanm pa oblije kode. Ebyen mwen te gen yon solisyon mwen te pwopoze de seri kliyan men ki malerezman pat twò enterese (men onètman map di mwen te manke vann li tou). Bon mwen te bezwen yon nom de domaine epi peye platfòm no-code la, verifye sim gen kòb sou kat la... $14. Sa te sifizan poum te demare, mwen achte domèn, fè ajisteman sou jan sit la dwe parèt, fè konektsyon epi boom! Tchekem store anlè cheri. Kounya gen store la se youn... e pwodui yo? Nou pap bliye mpa gen lòt kòb... men mwen gen moun nan kontak mwen ki gen pwodui kidonk mwen kòmanse fè demand. Mwen tounen sèl grafis nan fè afich, kole foto elatriye... epi sa w tande a mwen nan biznis. Men janm te di nou an, se pa yon bagay ki te nan abitid mwen... mwen lanse yon premye fwa, yon peta pa pete lool! Mwen di tèt mwen fòk mwen rebalanse koze a...kidonk mwen chita epi reflechi plan maketin nan an bon Social Media Manager que je suis. Se nan konsa, tipa tipa jou ki tap 25 mai 2024 Tchekem pral pran lari. Mwen di nou sa pouki rezon? Anpil fwa solisyon ou ka ap chache nan priyè, jèn oswa nan yon moun nan deja nan menw deja... anpil se yon ti rekil pou w pran pouw ka reyalize sa.

Pwovèb la di Tout bèt jennen mòde, mwen rete kwè gen de moman ou rive se reziyen w fè gran so a (non se pa gran so Stan konn ap pale a), paske sa ki konn fè diferans ant oumenm e moun ou wè kap swa fè koze oubyen byen pase nan je w la se aksyon li poze. Kidonk pou ane 2025 la, frape janw kapab... poze aksyon, oze paske w pap konn si l pap mache tanzantan ou pa eseye... e si li pata mache omwen w ap gen done nan men w pou w fon lòt apwòch. Mwen deside pataje panse m ak eksperyans mwen plis ane sa, si w te li jouk rive nan bout fraz sa m ap di w mèsi. N ap kwaze lòt semèn pou yon lòt ti bat bouch, pandan tan sa si w ta vle pataje avè m panse pa w fè sa sou erns@amedeebaptiste.com .